Site de discussion sur HAITI [ return ]
FromMessage
Harry Jean-Philippe
Guest
 Email

13/1/2006
02:14:48
Subject: SI BEF TE KONN VALE TET_LI
IP: Logged

Message:

SI BEF TE KONN VALE LI, LI PA TAP KITE YOU TI KOD 15 KOB RALE LI


Mezanmi, se pou nou man-yen femen gwo liv yo pou nou mache, al chita
anba bouch pep la.Pa gen-yen pi gwo filozof pase pep la.Li fe tout
etid li jouk rive nan doktora nan lekol lamizer ak nan gade madigra
mal maske kap fe tenten sou Chann Mas.

Dapre sa profese-ya deklare,bef la koumanse konnen vale tet li.Eske
nou pa konstate gwo blan yo gen pwoblem pou yo trennen bef la ak ti
kod 15 kob la wi?




Premye plan gwo blan yo, se te pou te gri-yen dan sou nou nan ban nou
you kout sitoyen meriken ki pase 44 lane nan peyi blan kom prezidan la
Repiblik.Nonm nan debake tou cho tou limen ak kokenn chenn malet li
plen dola meriken plis you gwo lanbisyon sou bisket li.Gwo eksper ak
ge yo bien ble ap mete pawol nan bouch nonm nan pou chame peyizan
yo,ouvriye salarye yo,mas pov yo.Nonm nan kanpe bien serye pou li
deklare:"Li pa meriken;li selman gen you paspor meriken nan poch li".
Pandan lap di sa,gwo orkes la ki kanpe deye do li, yo pa gen-yen vant
ankor telman yo ap touye tet yo ri.

Depi le sa tou, tout jounalis nan radyo kap bay nouvel tonbe repete
menm vye pawol la: "Mr Simeus est detenteur d'un passe-port
americain".Sa wou tande ya tou, gen tan gen 2-3 ki finn awoyo sou radyo
kom si pouvwa en Haiti dwe toujou you ti jwet yoyo.

Nan lojik moun sa yo ki pedi tet yo,si ou te majistra nan peyi meriken
tankou Djo Selesten,ou gen dwa desann Haiti pou pep la mete wou chita
sou fotey boure ya.Si ou te Gouvene general lot bo- dlo tankou mikael Jan- se debake Haiti
tou cho tou bouke pou pep la mete wou sou pouvwa.

Se te premye plan ti blan pou li te ban nou you kout Simeyis.Epi le
wou femen nonm sa nan prizon pou trayizon kont la nasyon,zot va
debake ak solda marines li pou li vini chache sitoyen meriken li.

Koulie-ya,zot pase nan dezyem plan li ki se Rene Preval.Jan wou tande
li ya.E Mouche Preval rete nan silans li paske li konnen li gen-yen
gwo bwa deye ban-nann li.

Zot te renmen Simeyis paske yo te konprann pou tet misye soti nan
matris klas peyizan yo,kandida pa tap gen pwoblem.

Zot vle se Preval ki pou Prezidan paske avek Preval li met ale domi
san ke kase.Avek Preval enteret li pa menase.Se annik leve ti dwet,
epi ke Preval komanse danse.Li te la deja.li pa tebay 5kob pwoblem.Se
you neg konsa zot di li bezwen pandan anpil peyi nan blok la ap kapote
agoch.

Sa yo ki nan Lavalas toujou, se pou nou louvri ge nou pou nou konprann
ki gwo jwet blan yo ap jwe la.

Si Preval nan Lavalas toujou, pou kisa se lot bagay li rele tet li
jodi ya?Pou kisa li pa prese pase men li pou li ranmase tou tires
Lavalas ki rete ya?

Pou kisa tou Aristid ki se chef istorik Lavalas la pa prese bay
benediksion li a Mouche Preval jan li te fe an 96 la?

Pou kisa tou mouche Preval pa janm di you mo pou tout kanmarad Lavalas
li yo kap kanni nan prizon?

Preval pa kandida pep-la.Preval, se Kandida meriken.Se you kandida
meriken yo ap gonfle pou nou ak kout sondaj sou sondaj jouk pou yo
foure li nan lespri nou pou nou.Yo komanse ranje teren yan de fason
le yo ba wou kout boul malatchong nan, pou li pa ba wou vant pase.

Se sa ki fe nou bat bravo pou Gonayiv ki pa bay Rene Preval dwa pou
pile Site Endependans nan.Nou ankouraje pep la pou swiv egzanp Gonayiv-la.




Pinga nou kite mal pouwont lan Rene Preval nan okap, nan okay,nan
Tigoav,nan Jakmel, nan sin Mak tou patou.Se konsa nou kapab fe li
difisil pou zot ki vle foure li nan goj nou.

Zot tap tann pou nou bat bravo pou MINIDESTA(Misyon NasyonzIni pou
DEStabize Haiti) kom kwa se sover peyi dayiti.Jodi-ya le monde entier
kon-nen pep haitien gade MINIDESTA pou sa li ye.

Eske nou pa konstate ti kod 15 kob pa ka rale bef la?Eske bef la pa
komanse konnn vale tet-li?


Zot pral oblije rale 3zyem zel kat li ya.Men nou pa we ki tan ki rete
ankor pou zot fe manipilasyon jouk pou li foure li nan tet pep la.A
mwens ke yo ranvoye eleksyon yo pou you 5yem fwa ankor.

Mouvman 5R mande tout bon Haitien pou pa al tranpe dwet yo nan
eleksyon lawont sa yo.

Men 5 kondisyon nou bay pou bon jan eleksyon fet nan peyi-ya:

1-Se pou MINIDESTAH prese vit bay peyi ya blanch.

2-Se pou Lame dayiti prese vit mobilize nan tout peyi ya.

3-Se pou nou tabli nan tet peyi ya you "Gouvernement d'Urgence
Nationale" ak mounn ki favorab ak you lame indijen sou bout ter
Desalin nan.

4-Gouvernement d'Urgence National la gen manda pou li mobilize tout
resous imen ak materyel,disponik ak imajinab pou rezoud kestion
kidnapping ak mete la pe nan peyi ya pandan 6 premye mwa yo.

5-Evalye travay pasifikasyon peyi ya e pi konvoke eleksion nan peyi ya


ki pou fet pandan 3 denye mwa Gouvernement d'urgence nationale la.

An nou rive reve/ An nou reve rive/ Pou Haiti bouke drive!

Aba eleksyon-okipasyon!
Viv la Revolution!

MOUVMAN 5R

http://groups.yahoo.com/group/5rgroup/join








HANS
Guest
 Email

13/1/2006
20:26:22
RE: SI BEF TE KONN VALE TET_LI
IP: Logged

Message:
MAP PRAL FE YON TI PALE SOU SITUACION SEN DOMENG AVEK NOU PASKE MWEN PA TANDE NPOU DI ANYEN SOU SA ALOS KE SE KESION KI TA DWE DOMINE AKTYALITE YA POU JODIA YA ,
SE POU NOU PA METE DLO NAN BOUCH NOU LE YAP TOUYE NOU , SINON LE DOMINIKEN ANVAYI NOU (YON BAGAY KAP FET BIENTOT)
NOU PAP KA FE ANYEN LE SAA ,PASKE LESPRIT NOU PAP PREPARE , DONK SISPAN VOYE MONTE CHARABIA , ITILIZE SIT LA POU NOU DISKITE BAGAY SERYE ,

PASKE SE PA BANN AK PA PAKET YAP TOUYE KOMPATRIOT NOU YE EN REPUBLIQUE DOMINICAINE.
YE LA SE 30 KI MOURI TOUFE NAN YON CONTENEUR .
BAGAY LA MANGONMEN LA , MOUN MOURI SOU FWONTYE YE APREMIDI .MINISTAH BLESE TOU SA ,
DONK SE PA BLAG, DOMINIKEN JAMBE LE LIDEL DIL
POUL LAL CHARYE MOUN YO LAN NWIT KIDNAPE YO TANKOU BET, EPI DI KE SE YO KI JANBE POU KONT YO

DONK YO BROTE YO PO YAL KOUPE KANN EPI REDI KONSTRI GWO BUILDING PO YO,SAN PEYE YO, EPI VOYE RETOUNEN KOU BET .
LE PA GENYEN YO YO VOYE AL CHACHE YO

MAP PREPARE YON DOSYE POU NOU MAP TOUNEN
SEE YOU


Max
Guest
 Email

14/1/2006
01:44:57
RE: SI BEF TE KONN VALE TET_LI
IP: Logged

Message:
Harry, je suis tout a fait d'accord avec toi. Mais tu met tout tres simple... tu semble oublier ce que l'armee a fait dans le passe? Soudainement ils sont les seuls sauveurs d'haiti? Soyons serieux... ils ne sont pas meilleure que nos tres chers polciers. Tu parle aussi d'un gouvernement d'urgence... pourquoi au juste? Pour ce remplir les poches un peux plus? Tu ne semble pas realiser que qui que ce soit prendra le pouvoir ne sera la que pour ce graisser les pates. En touts cas, je suis bien d'accord avec tes idees en generale, bien que je ne voit pas comment notre probleme peux etre resolue en 5 petites etapes!

Max


rolan
Guest
 Email

14/1/2006
14:24:36
RE: SI BEF TE KONN VALE TET_LI
IP: Logged

Message:
Max, w ap fè 'm ri


hans
Guest
 Email

14/1/2006
20:04:54
RE: SI BEF TE KONN VALE TET_LI
IP: Logged

Message:
Yon ti refleksyon sou sen domeng


Mwen salye tout kompatriyot mwen yo
kap patisipe sou forum sa-a
Jodi ya mwen vle fe limye sou you-n nan fleo
kap brase bill nou jounen jodi ya ,
ki se ayisien nou yo kay vwazen

Mwens sezi we kouman dominiken ap
maltrete fre nou yo lob bo zile ya .
petet genyen nan nou kap pale la,a
ki pat janm pase peyi sa,a, ki annik soti ayiti epi rantre
ozetazni ki se yon peyi lib e libe

mezanmi se pou nou denonse abu sa yo
ke fre nou yo ap subi
men-m sinou gen pwoblem se vre men apre tou
nou se kretyen vivan
nou gen diyite ,nou merite respe ,
avan-tou nou tout bezwen men-m bagay pou nou viv
se yon devwa pou nou defan-nn dwa fre nou yo kom moun

map rele anmwey aba antipatriot ki sou pouvwa ,a
an Haiti ki plen machwe ,l dlo
(haut commissariat des nations unis pour les refugiers)
vi-n pote nou sekou amba gouvenman asasen,
sanguineLeonel Fernandez la
ak tout bann entrepreneur koulev dominiken
kap finn souse san , epi touye pa ban-n pa paket
, fre nou yo . Le yo al cheche yo lan,nwit nan kaban,n yo
Pou yo al koupe kan, leve blok san manje jiskaske
Yo vin pwatrinen, san yo pa jwenn aide medical

mwen vinn mande nou

sila –a yo ki genyen relation instance ki kapab fe yon bagay prese prese
pa gade sou gouvenman labouyi ki tombe nan dlo fret
latoti bonifasla pa rete ak 2 bra kwaze
devan enjistis ak esclavaj fre nou yo

mezanmi nou rekonet ke a koz de dernier evenman
ki jete gouvenman
asistid la , genyen ampil nan kompatriot nouyo
ki jambe frontye
genyen tou se kidnape milite dominiken kidnape yo
pou ale koupe kann, ampitou construí kay, ranmase fatra

SE YON GWO MANTI, LE YO DI: KE MOUN SA YO JAMBE POU KONT YO
Se pa v re, yo manti kou chen , e otorite ayisien konnnsa tre bien

Entreperneur dominiken ansanm ak gouvernman dominiken
se sel responsab nan dezas sa-a paske
leta dominiken pa janm poze kondision pou envestisseur
yo fe ayisien rantre nan peyi yo wa pou yo ba san yo

epi tou sendomeng pa janm bay moun yo mwayen
pou yo legalize papye yo tankou jan la lwa mande-l

apre ke yo finn travay yo pa peye yo,
le yo rasamble pou yo reclame salaire yo
ingenieur ya rele sevis imigrasyon vi-nn ranmase yo
tankou yon pil fatra
epi makonen yo tankou bet .
ampile yo nan yon kwen
epi apre de mwa voye yo nan camión tankou bout sak
epi lage yo deye frontye , a deze, twaze dimaten.
malgre de gouvernemen yote siyen kontra ke rapatriman
pa gen dwa fet nan le sa-a , men dominiken pa respekte
prop accord ak lwa li yo ke li men-m anko envante .

seme-n dernier ya apre visit avote leonel la
se masakre yo masakre yo masakre ayisien
men-m etudian pa epagner, sila-a yo bay bal nan pye
kwak sa gouvenman mo an vakans
bonifas ak gwo jera-a pa janm di mwet.

Leonel yon violateur de dwa moun ka bat poul we
si li a vinn secretaire general nan OEA le li fini manda li ya
men li pa sispann viole dwa moun kit ayisien
kou dominiken nwa doriji-nn ayisien
, tout jan de abu, pesekisyon kont tout sekte
epi sa ki pi boule ya ,li kwe se bet nou ye
, paske li di men-m an publik ke ayiti se pa yon peyi
men pito yon savann kote yo gade kabrit , epi konrompi jis nan zo

Isit nan sendomeng radio ak televisión pa jan-m domi
pouyo ka sal imaj ayisien , sa pa gen lontan lot jou la –a
nan zonn nodwes frontye de peyi yo, tankou villa trina
, mao, Valverde ,ponton, savanette e la triye se pa de ayisien
Ki pa tombe, yo fouye gwotwou lan-nwit antere yo tankou bet
,


Ye maten yo dekouvri yon kontene, ladanl 24 ayisien mouri toufe
pil sou pil tankou se te zonyon ou bien patat ,ak yan riyal.
Moun sa yo se gwo chabrak dominiken
, ki posede kompagni konstruksion ki voye
cheche yo an kachet san papye pou kontinye fe men-m
routine nan mwen sot site la ,a
paske milite dominiken jambe frontye
al touye ayisien tankou te manman yo ak papa yo
paske nou pa genyen pezón kap veye, epi yo pa pe peson

yo men-m delare ke nen pot moun ki ta ose
fe yon bagay deye fwontye ya yap jambe al pran-w
, paske ayiti ak ayiisen amba pye yotankou
se te kakachen yap pile chak jou , mwe santi ,m
mwne estomake mwen Anvi revolte,
men peson pa enterese defannn personalite
, paske dega fe nou gaga, men-m president nou pa genyen.


mwen rekomande nou ale visite site sa yo pou nou we ak de je nou
www.solidaridad fronteriza.org


epi tou nou kapab bay sipo nou nan ede organization bienfaisance sila,a
ke mwen koube mwen bien ba devan yo pou kokenn chenn travay sa yap fe ya .

HANS DE SANTO DOMINGO






qjxjig
Guest
 Email

12/7/2007
02:45:29
RE: SI BEF TE KONN VALE TET_LI
IP: Logged

Message:
2msMsO oefodaprmowj, [URL=http://jzkvhygnzlkb.com/]llsyobsuexba[/URL], [LINK=http://jfysebkxvkeb.com/]fjiqwbtpzuss[/LINK], http://dkjqqckwtgnb.com/


P 1


Post a reply to this message:
Name:
Email:
Notify me when I get a reply to my message:Yes  No

Subject:
Message: